
Contexte (FR)
Cet artice reprend la version en créole haïtien de mon article De l’Art et de l’importance du kick-off meeting, publié initialement sur LinkedIn (versions FR/EN), voir les liens en bas de page. Mon introduction en décembre 2020 ci-dessous, je suis extrêmement fier d’avoir publié un article en créole haïtien sous la marque de la plus grande banque française BNPP.
En cette fin d’année, je profite de la publication de mon article « De l’Art et de l’importance du kick-off meeting » pour rendre hommage à mon défunt père, l’écrivain-docteur Jean Métellus décédé il y a presque 6 ans. Fervent défenseur de la place du Français en Haïti, il aurait été fier, en neurologue averti, de découvrir cette première : un article consacré à l’intelligence collective en créole haïtien. Vous avez peut-être déjà vu passer les versions Fr. et Eng. La version créole est maintenant disponible (ci-dessous).
Je vous souhaite d’excellentes fêtes à tous.
Enpotans kick-off meeting
« Kick-off » se yon egzèsis ki fè pwomosyon tèt ansanm nan lavni manm yon ekip pandan nap itilize fos ekip la. Enpòtans li chita nan espri ekip ki enpotan, esansyèl pou siksè misyon, pwogram oswa pwojè a.
Objektif la se mete trankilite nan ekip la. Aprè sa, li nesesè pou nou mete kek eleman ke nou bezwen pou entèlijans kolektif la ka pran fòm paske se li ki kle siksè a. Potansyèl entèlijans sa a ap ka byen parèt si ekip lan fè yon sèl e li santi’l pwoteje. Santiman pwoteksyon sa a ap ka egziste si tout moun patage e gen konfyans youn nan lot. Sa pral pèmèt asistans mityèl ant manm ekip la. Jantiyès ki genyen nan ekip la pral pemet ke entelijans kolekif lan manifeste. Sou direksyon chèf pwojè a, ekip lan ap pare pou l aji avek enèji ki nesesè.
Kle kick-off meeting la: pataj badj la
(Gade foto badj la ak diferan pati li yo) – voir plus haut le badge
Chak moun genyen pou li fè yon badj, e li nesesè pou nou kenbe premye sous enspirasyon an. Mwen rekomande pou nou pa pran plis ke senk (5) minit pou nou fè sa. Apre sa, chak moun ap prezante badj li a bay tout moun. Mwen konseye nou pran ant senk (5) ak dis (10) minit pou chak presentasyon.
Apre egzèsis sa a, tout sa ki patisipe nan fòmasyon yon ekip, ak kondisyon imèn ke rantre nan entèlijans kolektif[1] la (sa nou rele tèt ansanm) nou pral pataje ak tout moun. Koulye a, nap chache ekilib ant fos kolektif ak endividyel nan sa nou rele espri KISS[2].
Nan fen moman sa, nou fin mete ekip la an plas e entenlijans kolektif la pare poul montre sa li ye.
Men 4 bagay ki esansyèl pou yon ekip
- Pati ki rele « nan ki eta mwen ye nan moman sa a » ak « kisa mwen renmen nan lavi » enkouraje konfyans nan youn ak lòt.
- Bon jan prensip nan pati ki rele « kijan mwen wè tèt mwen nan antrepriz lan » ak « kijan mwen wè antrepriz lan nan anviwònman pa’l ?»
Entelijans kolektif gen 4 kondisyon imèn. Men yo :
- Sekirite sikolojik (mwen ka pale san yo pa jije’m, mwen ka pran chans e mwen ka fè erè san yo pa fe’m peye : « mwen fè yo konfyans ») komanse pran plas nan diskisyon alantou de (2) premye pati yo.
- Fyabilite (mwen ka konte sou lòt yo, sou sa yo ka fè, nan fason yo pran responsabilite yo) pran plas nan sa nou di alantou twa (3) premye kadran yo.
- Sans (ki ka diferan pou chak moun) pataje tèt li nan 3 premye kadran yo e enpak (travay mwen patisipe nan rezilta ke antrepiz bay) nan 2 premye kadran yo.
Se konsa ke chak moun nan ekip la komanse konnen youn lòt e jantiyès komanse grandi nan mitan yo.
Nou direkteman komanse santi benefis nan dinamik group la
Tout moun nan ekip la ap cheche mete entelijans emosyonel yo an pratik e yap cheche antann yo youn ak lot[3]. NB : ekip la sipoze kenbe badj yo.
Nou rive nan moman verite pou chèf misyon an. Dènye gwo pati ki esansyèl pou siksè kick-off meeting lan se mete limyè (tèm yo itilize pou entelijans kolektif) ou fè tout moun wè mem jan, gen menm objektif ak respekte règ jwet la/ wòl ak responsabilite chak moun (tèm yo souvan chwazi lè yap konstwi yon ekip).
Pi gwo wòl chef la
Wòl li se bay objektif komen (promès klè), règ jwet la (nan kad yon fonksyonnman ant de (2) pati ou ansanm ak yon gwoup) mete sou li wol ak responsabilite tout moun (sa yo bay ak sa yo chwazi).
Eleman vizyon (fason nou wè bagay yo, promès ak objektif), ak òganisasyon operasyonèl (wòl, responsabilite, ak règ) se dènye bagay ki nesesè pou kick-off ka reyisi. Se pou sa, tout preparasyon sa yo te enpòtan, li te nesesè pou etidye tout sa ki possib ak/oubyen sa ki ka jennen mission an. Pa experyans, yon egzesis byen prepare ki chita soa egperyans, sou patal vinn fe tout bagay pi fasil.
Kick-off avèk pataj badj la ede chef la itilize youn lidèchip ki chita sou konfyans ak sou modèl Trust Leadership Profile[4] : vizyon, ladrès, tèt ansanm, konfyans anplwaye yo nan antrepriz la, konfyans youn nan lot ak imilite. Apwòch sa a byen adapte pou anvironnman konplèks ak ajite nou yo (VUCA[5]).
Baz kolaborasyon byen chita. Ekip la prè poul travay ak tout eneji ke yo bezwen pou ke randman tout moun ansanm ka plis ke randman chak moun sou bò pa yo[6].
Koulye a, tout sa kap rete se antreteni konfyans ak dinamik nou kreye yo pandan nap amelyore yo san kanpe.
(« Enpòtans morning kick-off », a swiv).
Olivier Métellus, Fred K. Alexandre
Notes
[1] @ Sarah Franko – Ecole Polytechnique Executive Education – Learning Book « Activer la puissance du collectif »
[2] Corpus de guidelines et de préconisations pour répondre à l’environnement actuel en simplifiant le fonctionnement au travail et en gagnant en efficacité et en fluidité (Programme BNPP Personal Finance)
[3] @ L’intelligence émotionnelle – Daniel Goleman, Editions J’ai lu, 2014 – p166
[4] @ Confiance et leadership – Ali Armand, ESF Editeur, 2016 – p158 ; p232 & p248 (exercices)
[5] Volatility, Uncertainty, Complexity, Ambiguity
[6] @ Confiance et leadership – Ali Armand, ESF Editeur, 201
Liens
- Lire l’article sur linkedIn (pour voir les versions fr., eng., réactions et commentaires)
- L’art d’instaurer le continuum de la confiance — le rôle d’un rituel d’équipe
- Auditer, c’est travailler la confiance